MOVID ap lanse yon gro manifestasyon pasifik pou mèkredi 17 Me 2017.

 Lè nou konstate pandan 100 jou gouvènman Moise/Lafontant ak tout Palmantè subvansyon yo depanse initilman 700.000.000,00 gdes ki egal a 10.294.117,64 $.US tandiske profesè yo paka touche. Pèp la mouri grangou, gro problèm nan tout UEH. Malgre tou sa olye gouvènman soulaje mizè pèp la se ogmante li vle ogmante soufrans pèp nan ogmante pri gaz la nan peyi-a. Sa montre nou a klè ke nou anfas yon gouvènman anti pèp, anti chanjman.

 Se pou tet sa MOVID ap envite toute popilasyon an jeneral nan yon gro manifestasyon mèkredi 17 me 2017 pou'n al rele anmwey dèryè gouvènman Moise/Lafontant ki sot gaspiye 197.000.000,00 gdes nan karavan demagoji, 100.000.000,00 gdes pou siveye rapòte, an mem tan pou'n al mande Palmantè mal eli yo remèt kòb subvansyon pwason an 76.000.000,00 gdes.

 MOVID mande profesè,  Etudyan, Elèv lekol, Liseyen, Paran, Konpatriyot, Sitwayen angaje, Militan konsekan, chofè Tap tap, chofè Moto, tout Ã’ganizasyon progrezis, revolisyonè, Vin'n pote kole nan gro manifestasyon sa pou'n ka bare plan makab gouvènman nan,  pou li pa pase.  Youn di lot, randevou kase nan kafou peyan. Mèkredi 17 me 2017 a 10h nan maten tapan pou'n al fini sou Plas Papa Dessalines sou chanmas.

  Nou di non diktati pap retounen nan peyi sa ankò. Aba tout apanti diktati.  Abel Loreston kòdonatè jeneral MOVID. Boisrond Emmanuel Resp. Kominikasyon